Menm lè plen moun sòti toupatou pou vin vizite Tacony Creek Park, se yon byen enpòtan tout bon pou katye ki toupre l yo -- tankou East Oak Lane, Lawncrest, Olney, Feltonville, Juniata Park, ak Frankford (kòd postal 19120 ak 19124). Prèske 200,000 moun ap viv nan katye sa yo, moun ki gen diferan orijin epi ki pale plizyè lang. Se yon zòn ki rich epi ki divèsifye ki te gen yon mank envestisman piblik ki enpòtan pandan plizyè lane. Manm kominote yo viizte ak pran plezi yo nan pak la pou plizyè rezon, poukont yo, ak fanmi epi zanmi yo, epi souvan nan kad pwogram TTF òganize epi nan kad evènman ak pwogram ki finanse nan kad patenarya An reyalite, lide ak enèji manm kominote yo pataje a se konsèp debaz pwogram sa yo. Se manm kominote yo ki dirije pwogram sa yo. Manm kominote yo fè netwayaj, plante, epi yo fè amelyorasyon pandan y ap dirije gwoup zanmi pak la ki pote non Tacony Creek Park Keepers.
Park Stories ak People of the Park se de pwojè ki santre sou moun, tankou w, ki renmen Tacony Creek Park. Èske w ta renmen pataje istwa w nan pak la? Gen anpil fason pou w patisipe epi pou w pataje lide epi bay èd ou.