Dezyèm sezon ete ak otòn Learning Trail (Pakou Aprantisaj) la te atire anpil moun. Nan sezon ivè sa a, zannimo yo antre nan yon peryòd ki rele ibènasyon pandan nou menm n ap planifye pwochen ane nou. N ap tounen ak Learning Trail nan sezon Ete 2024 la!
Antanke yon santye yo fin konstwi nan mwa septanm 2022 a, River Alive! Learning Trail (Rivyè Plen ak Lavi! Pakou Aprantisaj) se yon mwayen ki eksitan pou fanmi yo jwi anviwònman natirèl ki genyen alantou yo nan Tacony Creek Park!
Gen sis ban ak eskilti zannimo ki plase sou tout longè Cayuga Street nan Juniata Park (1101 E Cayuga St, Philadelphia 19124) ki ap konekte w ak Tacony Creek: yon rena, yon tòti, yon ewon, yon koulèv dlo, ak yon lout rivyè.