Vizite Pak la

Teren kote Tacony Creek Park plase l jounen jodi a se te yon tè kote moun tribi endyen ameriken ki rele Lenape yo te konn fè lachas. Lè Ewopeyen yo mete pye nan zòn nan, yo te kòmanse konstwi moulen ak fèm tout arebò ti rivyè a, sa ki te detwi majorite nan forè ki alantou yo. Nan lane 1915, Vil Philadelphia te rive prezève espas vèt sa yo antanke yon pak pou pwoteje entegralite rivyè a. Jounen jodi a mwatye nan pak la se forè pyebwa ak teren ki plen ak zèb ki fè l, epi gen anpil espès zwazo k ap viv ladan l ansanm ak plizyè zannimo ak plant sovaj. Lòt mwatye tè sa yo se teren gòlf Juniata a ki ladan l. Li plase nan pati enferyè sid pak la; li te kòmanse fonksyone depi nan lane 1927. Pou konnen plis sou istwa pak la ak basen vèsan an, Klike la a.

Gen yon santye asfalte ki mezire 3.2 mil ki konstwi pou moun mache, kouri ak woule bekàn epi ki fè tout longè pak la. Li louvri pou piblik la depi solèy leve jous li kouche, epi moun kapab gen aksè ak li atravè 10 pwen antre katye ki se Olney, Lawncrest, Feltonville, Northwood, Juniata ak Frankford.

Jwenn pòt antre ki pi pre w la!

Klike sou pwen ki nan kat jewografik la pou wè plis detay sou aksè nan pak la ak lòt karakteristik espesyal pak la.


Kijan m kapab ale nan Tacony Creek Park si m itilize SEPTA?
Ou kapab pase nan pòt aksè sa yo si w nan bis:

  • Pòt Aksè I St & Ramona Ave la - Bis nimewo 89 (estasyon nan I St & Hunting Park Ave)
  • Pòt Aksè Whitaker Ave an - Bis 75 bus (estasyon nan Whitaker ak Wyoming)
  • Pòt Aksè Rorer St - Bis R, Bis J
  • Pòt Aksè Bingham St - Bis R, Bis J
  • Pòt Aksè Tabor Rd - Bis nimewo 26
  • Pòt Aksè Rising Sun Ave - Bis nimewo 18, bis nimewo 26
  • Pòt Aksè Adams Ave - Bis K, Bis nimewo 57
  • Cheltenham Ave - Bis nimewo 57